Desizyon Federal Aviation Administration (FAA) lan antre an vigè 1ye septanm 2026. Li pwolonje restriksyon ki te deja an plas yo jiska 2 mas 2027, akoz risk pou sekirite avyasyon ki lye ak enstabilite k ap kontinye nan peyi a.
Restriksyon yo konsène konpayi ayeryen ameriken, operatè komèsyal ameriken ak majorite avyon sivil ki anrejistre Ozetazini. Yo pa gen dwa opere anba 10,000 pye nan zòn FAA defini yo, ki gen ladan Pòtoprens ak kèk lòt sektè nan peyi a. Sepandan, vòl ki pase anlè 10,000 pye ak operasyon ki fèt deyò zòn ki konsène yo pa bezwen menm otorizasyon an.
Mezi sa a pa vle di tout espas ayeryen Ayiti fèmen. Restriksyon an vize kategori operatè ak zòn FAA presize yo. Gen operasyon ki kapab fèt tou si otorite ameriken yo bay yon otorizasyon oswa yon eksepsyon espesyal.
Desizyon an vini pandan ensekirite a kontinye afekte aktivite ayeryen nan kapital la. Dapre Associated Press, FAA kontinye konsidere menas gwoup ame yo kòm yon risk pou avyon k ap opere nan ba altitid nan zòn ki konsène yo.
MJL MÉDIA ap kontinye swiv dosye a epi ap pote nouvo enfòmasyon sou evolisyon koneksyon ayeryen Ayiti yo


Laisser un commentaire